Politik konfidansyalite
Dènye mizajou: 9 oktòb 2026
Men ki done nou ranmase lè w sèvi ak Datamio, poukisa, ak kiyès ki wè yo. Non w ak nimewo w pa janm pataje nan seri done yo.
1. Kiyès ki responsab done ou yo
Datamio, reprezante pa Jean Sauvenel Beaudry (adrès: El Cacique, Sendomeng, Repiblik Dominikèn).
2. Done nou ranmase
- Nimewo telefòn ou, pou w konekte (kòd sou WhatsApp oswa SMS).
- Sa w ekri lè w siyen kontra a: non, adrès, nimewo idantite (NIF, CIN oswa paspò), siyati w, sèks, tranch laj ak depatman.
- Prèv siyati a: dat ak lè, adrès IP, ak kalite telefòn oswa navigatè.
- Travay ou: anrejistreman vwa, tèks ou ekri oswa korije, desizyon validatè yo, ak lè ou fè chak travay.
- Mezi kalite son (bri, vitès) telefòn ou kalkile lè w fin anrejistre. Pou validatè ak administratè sèlman, anrejistreman telefòn nan refize yo ka sove pou nou ajiste limit yo.
- Pou peman: nimewo ak non kont MonCash ou, foto kòd QR MonCash ou, demann retrè ou yo ak nimewo tranzaksyon yo.
- Dènye fwa ou te sèvi ak aplikasyon an.
3. Poukisa nou sèvi ak yo
- Pou konekte w epi pwoteje kont ou.
- Pou peye w.
- Pou tcheke kalite travay yo (Oswald ak validatè yo) epi anpeche fwod.
- Pou fòme, evalye ak amelyore modèl AI, epi pou kreye seri done.
- Pou kenbe prèv kontra ou siyen an.
- Pou kontakte w si sa nesesè.
4. Kiyès ki wè done ou yo
- Ekip Datamio (administratè yo): tout done ki nesesè pou jere platfòm nan ak peye w.
- Validatè yo: travay ou (vwa w oswa tèks ou) pou yo verifye l, san non w ni nimewo w.
- Bird: voye kòd koneksyon an sou WhatsApp oswa pa SMS.
- Amazon Web Services: sere fichye yo (anrejistreman, siyati, foto kòd QR).
- Modal: sèvè kote Oswald ap koute anrejistreman yo pou premye tcheke a.
- MonCash: resevwa peman nou voye ba ou.
Seri done pou AI yo gen vwa w ak tèks ou, ak yon idantifyan anonim, epi petèt sèks ou, tranch laj ou ak depatman ou. Nou ka pataje yo ak chèchè oswa konpayi, oswa pibliye yo. Yo pa janm gen non w, nimewo telefòn ou, adrès ou ni nimewo idantite w. Men konnen sa: yon vwa ka fè moun rekonèt yon moun.
Nou pa vann done pèsonèl ou, epi nou pa sèvi ak yo pou piblisite.
5. Kote done yo ye
Sèvè yo ka andeyò Ayiti, pa egzanp Ozetazini.
6. Konbyen tan nou kenbe yo
Toutotan kont ou aktif. Si w mande pou n efase kont ou, n ap efase done pèsonèl ou. Nou kenbe sèlman sa lalwa oswa kontablite egzije (peman yo, kontra ou siyen an), pou tan ki nesesè a. Travay ki deja nan yon seri done ki pataje oswa pibliye pa ka retire ladan l.
7. Dwa ou
- Wè done nou genyen sou ou.
- Korije yo si yo pa bon.
- Mande pou n efase kont ou (paj « Mwen » → « Mande pou efase kont mwen »).
- Kanpe nenpòt lè: nou p ap sèvi ak travay ou pa fè.
8. Sekirite
Koneksyon an chifre (HTTPS). Fichye yo prive: yo louvri sèlman ak lyen tanporè, pou moun ki gen dwa. Se ekip Datamio sèlman ki ka antre nan backoffice la. Nou p ap janm mande w modpas ni kòd PIN MonCash ou.
9. Cookies
Nou sèvi ak yon sèl cookie pou kenbe w konekte (90 jou). Pa gen cookie piblisite, pa gen zouti swivi. Aplikasyon an ka sere kèk paj sou telefòn ou pou l louvri pi vit.
10. Laj
Datamio se pou moun ki gen 18 an oswa plis sèlman.
11. Chanjman
Nou ka chanje politik sa a. N ap mete dat chanjman an anlè paj la, epi si se yon gwo chanjman n ap avèti w nan aplikasyon an.
Kontakte nou
- WhatsApp: +18096618345
- Imèl: info@datamio.dev
- Nan aplikasyon an: paj « Mwen ».